Legliz Katolik an Ayiti: Kadinal Chibly LANGLOIS fè aksidan machin

2,866

06-08-2022

Leyogann, Ayiti_____(TRiboLAND) Kadinal Chibly LANGLOIS, nimewo 1 Legliz Katolik la nan peyi Dayiti, fè yon tèrib aksidan sou wout Sid la. Machin òm relijye a vrèman kraze, men li ankò gen lavi, si ta vle kwè kèk sous eklezyastik ki konfime ke li genyen yon bwa li ki kase.

Langlois fè aksidan an sou wout nasyonal numewo 2 a, zòn Lakil Leyogan; sepandan, koz aksidan ak lòt viktim pa repòte.

Anpil manèv ak bwàs te miltipliye pou transpòte Kadinal la nan yon lopital an ijans, selon responsab Saint Louis du Sud la. Plizyè demach ap fèt pou pèmèt Kadinal la rive nan kapital la, pou li jwenn bon jan laswenyaj.

Hodney Fanuance, TRiboLAND

Comments are closed.