Ayiti Kòripsyon: Sistèm peze souse-a dwe kaba latèt o pye

0 429

Apwè plis pase 200 lane, pèp Ayisyen finalman resi fè yon fwon komen pou idantifye systèm kansè ou destriktè ki redwi premye repiblik nwa endepandan-an nan yon eta povwete ekstrèm. Revèy popilè sa-a rive manifeste gras a dràm Fon Petwokaribe-a, ki konstiti yon veritab krim finansyè kont limanite.

Li pa ditou fasil, pou jwenn moun ki bwav e konsyan ki kapab arive krache laverite nan yon anvironman kòripsyon ak ensekirite jeneralize. Karaktè ak bwavou tout jij sa yo gen pou antre avèk tèt yo byen wo nan listwa peyi Dayiti. Revelasyon ki fèt nan rapò Fon Petwokaribe sa-a, lonje dwat sou yon pakèt gouvènman, otorite, sitwayen ou konpayi kriminèl ou iresponsab, ki avèk mepwi e raj konplètman lapide yon fon ki te destine pou retire peyi-a nan maras ak ekstrèm povwete.

Konsa, krim sa yo tèlman revòltan yo jenere yon seri pwotestasyon ki egzije demisyon chèf deta peyi-a ki gen men-l tranpe ragagann nan Fon Petwokaribe-a. Anpil estrateji ak mouvman popilè ap miltipliye pou fòse yon chèf deta ki deja anemi an konpetans rache manyòk li. Pou laverite, nan nenpòt peyi òganize a oken moman, li tap enposib pou yon prezidan ta arive ap kontinye enpoze tout yon peyi inasèptab onon la Konstitisyon. Anplis, domaj moral, volim krim, wont, vyòl, vòl, abi pouvwa, aktivite gang ak mèsenè, evazyon fiscal, detounman fon leta, konfyolo palmantè ak enpinite ke dezyèm gouvènman PHTK sa-a komèt, se bagay moun poko janm wè nan dòmi! Sepandan, fòk pèp souvren trè veyatif! Nou pa ka kenbe zonbi yon sèl gwoup moun. An nou pwofite idantifye tout sa ki enplike dirèk ou endirèk nan soufwans nou.

Tankou anpil moun ap pwomote-l, se chanjman radikal yon system mafia ki mare peyi-a nan pye tab Siri, Liban, Iran ak anpil lòt. Sistèm sa-a achte vòt sa ki pi vilnerab yo nan zònn defavorize yo; yo  finanse kanpay candida nan peyi-a yon fason pou yo achte pouvwa e fè men miz sou tout sa ki gen avèk filyè ekonomik nan peyi-a. Pèsònn pa ka antrepwann oken biznis serye nan peyi-a. Systèm sa ki gen monopòl wàf pwive ak dwà fwanchiz pou-l antre (legal ou kontrebann) tout sa-l vle anndan peyi-a, kenbe kle vant nou e ban nou manje sa yo vle, lè yo vle, e a ki pwi pou peye-l jan yo vle!

Anplis, sa ki pi rèd! Yo kraze tout sa ki te ka pèmèt pwovens yo respire. Lontan, lontan, plizyè nan pwovens yo te konn genyen yon seri ti antrepwiz tankou: izinn kola, kafe, moulen mayi, magazen leta, savon, materio pou konstriksyon, fèm agwikòl, pèchri, ekspòtasyon banann, kakao, ak kanpèch san konte yon pakèt lòt opòtinite; YO KRAZE E AKAPARE tout stimilan ekonomik sa yo yon fason pou gen yon konstan pouvwa sou vi ak dwà tout moun. Sa vle di sistèm nan pa menm bay pwovens yo yon ti chans menm pou fè komès ekspòtasyon ak enpòtasyon. Se yo sèl ki pou gen monopòl gaz, diri, dilè machinn ak anpil lòt pwodwi premyè nesesite.

Systèm mafia-a fè pale de li tou, nan sa ki gen pou wè avèk kraze enstitisyon ki te konn soulaje moun ki nan chomaj nan peyi-a. Nou pap bliye, siman dayiti, travo piblik, minotry dayiti, edh, asyeri nasyonal, teleko, san konte lopital, avyon komèsyal ak yon pakèt lòt administrasyon piblik….. Konsa, pou yo ka akapare enstitisyon sa yo, yo enfiltre e peye moun pou sabote tout bwàt leta sa yo sou pwetèks yo pa rantab (devalorizasyon) e yo dwe pwivatize. Alèkile, ak konplisite moun tèt pa dwàt, sistèm mafia-a achte bwàt sa yo pou yon senkòb chada e an retou yo menm vann sèvis-la dimil fwa ke avan, jan yo vle, lè yo vle, e nan pwi yo vle.

Sistèm mafya-a fè dap piyanp sou yon fraksyon nan Lapwès ayisyènn nan tou. Yo se pwopwiyetè oubyen sipò finansyè plizyè stasyon radyo ou jounalis atravè yon seri taktik piblisitè oubyen sibvansyon ki pou akòde mafya yo espas mikwo oubyen fòse antite sa yo fèmen zyé sou vwè pwoblèm mas defavorize yo.

Anfen pwoblèm yo pa piti! Akote rekiperasyon Fon Petwokaribe-a, gen anpil lòt dosye kòripsyon sistematik ki merite legalman adrese e tradwi lajistis tout koupab ki kontwibwe nan ekstèmine pèp sa. Egzanp: Dèmalòg, lajan VOUAM (fon pou voye ayiti moute) ak Dola Senkant lan nan diaspora-a, Fon Rekonstriksyon peyi dayiti-a, Lajan Koperativ-la, lajan ou resèt vant tout yon seri avyon, elikòptè ak ekipman militè ke nasyon an pa janm pwan sant yo. Anplis, fòtinn palmantè ak depite fè nan pwete ou akapare yon seri byen leta e fè yo devni byen pèsonèl yo san bliye yon seri kòb ki disparèt nan kès leta.

Pandan dèt peyi pòv sa-a nan 30 milya dola, moman-an pa lòt bagay se reyini tout fòs viv nasyon an kote ke chak sitwayen dwe sèmante pou pwan tout dosye kòripsyon sa yo an men; konsa, mete klamè piblik an mouvman, chèche asistans bò kote yon pakèt òganizasyon tankou Twansparans Entènasyonal ak Anti-kòripsyon, e refere tout vagabon krazèt peyi yo devan Lajistis nasyonal ou entènasyonal.

Peyi Sengapò te konn nan menm sitiyasyon sa yo. Pou yo te rezoud li, tout moun te oblije asèpte fè angajman pou denonse e pini piblikman nenpòt ki moun kap pyafe nan kòripsyon kèlkeswa apatenans li ak sa li posede. Responsabilize tout moun ki nan yon pòs piblik ou pwive kèlkonk, se yon enperatif pou nasyon sa; e leta nan peyi sa pwan kòripsyon ekstrèman oserye! Zewo tolerans! Depi yo kenbe-w yon sèl fwa, yap avili-w, pini-w piblikman, enpoze-w amann jan lalwa mande-l e fè tout sa ki nesesè pou ou pa janm travay pou sistèm nan ankò. Sa vle di, yo tou fini ak lavi-w!

Jacob Bendallahm, TRiboLAND

credit photo: global anti-corruption transparency international

Leave A Reply