Tanp vodou Oricha Tigwav envite tout moun nan yon seminè gratis nan domèn vodou.

76
0
Share:
TRiboLAND

08 – 11 – 2026

Tigwav, Ayiti _____ (TRiboLAND) Tanp vodou Oricha ki twouve li nan lokalite Beyatris 11èm seksyon Ravin Sèch kominal Tigwav, envite tout moun Tigwav nan yon seminè gratis nan domèn vodou, jedi 13 dawout 2026 lan kap vini la a. Sòlòkòtò sila ap òganize nan okazyon komemorasyon seremoni Bwakayiman.

Konferans deba sou vodou, orijin li ak enpòtans li, san bliye rityèl mistik ak kote kiltirèl zèv vodou a, se kèk aktivite ki pral make seminè a, daprè gwetò Ricardo Joseph di mèt Flanbo, yon fason pou yo onore memwa zansèt yo.

Responsab yo nan tanp Oricha Nago konte sou prezans chak gren’n patisipan nan gran seminè brase lidè sila kap gratis ticheri !

Share:

Leave a reply