Yon estati yon fanm otochtòn pwàl ranplase yon estati Christophe Colomb nan Mexico City

1,454

09/06/2021

Mexico City______(TriboLAND) Yon estate Christophe Colomb ke yo te deplase ane dènyè nan vil Meksiko pap retounen kote ke li te ye avan an, dapwè otorite yo nan vil la.

Konsa, se estati yon fanm otochtòn ki pwàl plase nan yon parèy espas. Dapwè majistra Meksiko a, Claudia Sheinbaum, fanm otochtòn nan rekonèt pou katafal kontribisyon li te ofwi pèp meksiken an.

Sheinbaum fè deklarasyon sa yè dimanch 5 septanm nan, nan okazyon joune fanm endijèn yo. Li fè konnen ke eritaj kolonizatè italyen montre “2 vizyon”: youn ki ewosantrik ak yon lòt ki reyalize ke yon seri sivilizasyon te egziste nan Amerik yo menm avan Christophe Colomb te debake.

“ Nou dwe yo e nou egziste gràs a yo menm”, dapwè Sheinbaum ki tap bay pèp otochtòn meksiken yo ochan. “Se istwa peyi nou ak nasyon nou”.

Estati anbwonz Christophe Colomb an te erije sou “Paseo de la Reforma”, avni pwensipal vil Meksiko depi XIXèm syèk. Sepandan, nan mwa oktòb 2021 dènye, otorite yo te retire li pou restorasyon; konsa, yo kontinye ap egzamine ki vrè eritaj ke yo genyen de Christophe Colomb, dapwè otorite munisipal yo.

Comments are closed.