KARIKOM salye enstalasyon Premye Minis Gary Conille ak manm gouvènman an.

06 – 19 – 2024
Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) KARIKOM salye enstalasyon Premye Minis Gary Conille ak manm gouvènman an. Pou òganizasyon rejyonal yo, se yon etap enpòtan kap pèmèt nouvo gouvènman an fè fas ak kriz tout kalite peyi a ap konnen depi yon bon bout tan.
KARIKOM ki deklare, li pran nòt e byen enfòme avèk anpil atansyon, pandan yo swete wè konsèy prezidansyèl tranzisyon an ak gouvènman Gary Conille byen defini priyorite yo.
Toutfwa, KARIKOM presize, etap sa ke gouvènman an franchi a, pral fasilite yo òganize eleksyon onèt, kredib, transparan ak demokratik andan peyi a, pou rive dote tè Desalenn nan, yon gouvènman lejitim, yon fason pou mete kanpe tout enstitisyon yo ki an boulatcha.







Your article helped me a lot, is there any more related content? Thanks!
Thank you for your sharing. I am worried that I lack creative ideas. It is your article that makes me full of hope. Thank you. But, I have a question, can you help me?