Pakè Pòdepè dekrete pèmanans nan kontrekare frafikan gaz ilegal yo

1,252

Pakè Pòdepè nan tèt kole ak la polis deside tout bon vre fini ak kesyon gaz kap vann nan tout kwen site Kapwa Lamò a.

08-15-2022

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Depi nominasyon mèt Alangue Valbrun, kòm sibtiti komisè gouvènman nan pakè Pòdpè a, fenomèn vann gaz atè a, pa sispann atake.

Konsa, nan lide pou kontrekare fenomèn sila, yon seri operasyon lanse nan tout kwen site Kapwa Lamò a ki vize pou, non sèlman mete aksyon piblik dèyè delenkan yo men tou, poze sele sou kay ak depo kap van n gaz yo.

Li enpòtan pou konnen, dapwè la lwa 20 desanm 1956 la, seri pratik sa yo rantre nan kad trafik ilisit oubyen “Mache nwa”.Konsidere kòm yon mal ak yon menas pou lavi fanmiy nan peyi Dayiti, nan sans sa a, lejislatè yo bay plen pouvwa ak komisè gouvènman yo pou kwape fenomèn sila.

Pwofite lwa 1956 la, komisè Alangue Valbrun, deside san voye je gade dèyè rapouswiv ak seri operasyon yo,nan sans sa a,popilasyon an nan site Kapwa Lamò a, pa sispann bat bwavo lakontantman pou Shell yo, yo wè ki kòmanse ap ouvè pòt yo timidman.

Pandan divès moun deja jwenn arestasyon yo nan dosye gaz la, se Jij epi Jij enstriksyon Durozier Fresnel ki pral bay “pwofesyonèl Mache Nwa” yo dènye sò yo. Yon

Comments are closed.