ULCC ranfòse pwezans li nan Gran Sid yon fason pou siveye èd viktim gwoudou gwoudou yo

2,061

09/06/2021

Kay_______(TRiboLAND) L’Unité de Lutte Contre la Corruption (ULCC) debake nan Gran Sid la nan kàd veye anwo e veye anba ak evalye itilizasyon èd imanitè ki dwe ale jwenn viktim latè tranble 14 out 2021 yo.

Dapwè Alatèt enstitisyon ULCC a, Mèt Hans Jacques Ludwig Joseph, aktivite “kale je ak fouye zo nan kalalou” sa yo kore yon travay depistaj evantyèl de yon seri zak kòripsyon ki kapab antrave yon pwosesis jesyon ou distribisyon asistans yo nan transparent, onètete ak responsablite. “Nou debake ak yon ekip anketè kap genyen pou rete sou plas pou ranfòse pwezans ULCC nan Gran Sid la”, dapwè direktè enstitisyon an.

Konsa, nan sans sa, yon bwàt “rele amwey kont kòripsyon” deja enstale e sekirize nan syèj administratif ULCC a nan vil Okay, yon fason pou popilasyon an kapab adrese tout denonsyasyon ou aktivite kòripsyon ki makònnen ak jwèt mèt dàm nan èd imanitè pou viktim gwoudou gwoudou yo. Kidonk, ULCC ta vle fè konnen ke distribisyon èd sa, pap pase menm jan ak bèf Seyid la!

Inite bare vòlè a envite tout ajan mandate ULCC pou yo mobilize ak veyatif yon mannyè pou depiste tout zàk kòripsyon sispèk e san konsyans kap pran woulib sou agoni ak kalamite popilasyon an. “Nou envite popilasyon Gran Sid la rele nan numewo sa ki gratis pou denonse kòripsyon : 5656 ( Lendi jiska Vandredi ant 8è e 4è).

Comments are closed.