CSCCA : Rapò Enkyetan sou Itilizasyon Lajan Piblik ak Sibvansyon Gouvènmantal

48
0
Share:
TRiboLAND

05/22/2026

Lakou Siperyè Dèkont ak Kontansye Administratif mete 2 men nan tèt, lè li konstate ki kantite magogo lajan gouvènman defakto Alix Didier Fils Aimé a ap akòde pou yon seri sibvansyon tèt nèg.

Konsa, ULCC denonse avèk tout fòs li, yon seri depans piblik ki genyen vwa dlo; nan dènye rapò sou egzekisyon bidjè 2025-2026 la, Lakou Siperyè Dèkont ak Kontansye Administratif detekte yon seri depans ki bay anpil lawouli. Se yon seri depans ki genyen anpil pou wè avèk sibvasyon ak transfè ki rive jiska 97 pousan kilbitaj pou ane a.

Sa ki pirèd la, otorite Lakou Siperyè Dèkont ak Kontansye Administratif deklare pa genyen oken enfòmasyon detaye ki bay e ki kapab jistifye reyèlman ki kote magogo sila yo ale, e ki moun kap fè bè ak lajan sila yo. Antouka, jwèt nan men gouvènman Alix Didier Fils Aimé ki ta oblije tonbe nan rakonte ak deki prevyen ak deki mannigans.

Share:

Leave a reply