Pou ranfòse sistèm jistis la nan Grandans, Leta ayisyen nome divès jij

43
0
Share:
TRiboLAND

05 – 28 – 2026

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Ministè Lajistis ak Sekirite Piblik, nan tèt kole ak Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a, nome ou bay plizyè jij pwomosyon nan Grandans. Dispozitif sila, antre nan kad pou ranfòse sistèm jistis lan nan jiridiksyon Jeremi an.

Pami pwofesyonèl sila yo ki benefisye nominasyon ak pwomosyon sa yo, ou jwen mèt Flovil Bernardin ki vinn jij titillè komin Mafran; mèt Jeanty Marie Michèle; mèt Daniel Joseph nome kòm jij depè sipleyan nan komin Mowon; mèt Jean Garry Lindy nome kòm jij enstriksyon tribinal premye enstans jiridiksyon Jeremi an.

Nan sans sa, Dwayen tribinal premye enstans jiridiksyon Jeremi an, mèt Jean Michelet Seide ansanm ak komisè gouvènman an, Jean Marie Geachjeen Alexandre mande jij yo pou fè prèv pwofesyonalis nan kad lalwa ak dwa. Yo ankouraje pou yo pa fè anyen ki kontrè ak la lwa ; pwan la lwa kòm bousòl pou byen sèvi jistisyab yo, sitou sa yo ki pi fèb nan sosyete a.

Share:

Leave a reply