Ansyen komisè gouvènman ai pakè Pòtopwens lan, mèt Jean Danton Léger, mande PM Fils Aimé pou l dakò genyen yon prezidan bò kote li

66
0
Share:
TRiboLAND

05 – 23 – 2026

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Ansyen komisè pakè jiridiksyon Pòtopwens lan, mèt Jean Danton Léger kap viv nan komin Leyogan, nan yon interview li akòde laprès, deklare PM Didier Fils Aime pa genyen pouvwa pou’l konvoke popilasyon nan eleksyon selon atik 136 nan Konstitisyon an.

Mèt Jean Danton Léger konseye PM Alix Didier Fils Aime pou’l aksèpte yon prezidan bò kote li, sinon li pap kapab òganize eleksyon nan peyi a. Selon li, menm si nou nan peryòd tranzisyon, peyi pa genyen abitid dirije ak yon pouvwa monosefal. Li fè konnen, tranzisyon ki pase yo, yo tout te genyen misyon òganize eleksyon epi mete sekirite nan peyi a, pou dote peyi a yon prezidan lejitim epi mete kanpe enstitisyon yo ki kraze plat atè.

Ansyen komisè gouvènman pakè jiridiksyon Pòtopwens lan, mèt Jean Danton Léger ki di si PM Alix Didier pa dakò pou’l genyen yon prezidan bò kote li, nan jou kap vini yo, lap akonpanye pèp sou beton an, pou fòse PM nan demisyone nan tèt peyi a.

Share:

Leave a reply