Yon jèn gason ki pote non “Kato” resevwà 2 katouch anba grif bandi sangwen nan Pòdpè

1,519

07-28-2022

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon jèn gason ke anpil moun konnen sou non “Kato” blese gravman byen bonè maten jedi 28 jiyè 2022 a nan Ri Lopital, nan vil Pòdpè.

Viktim nan pran 2 katouch nan men bandi sangwen ki tap sikile sou moto e ki pa idantifyàb, dapwè Radio Génération 80, yon media lokal. Konsa, fanmiy, zanmi ou vwazinay ki anvayi anba konstènasyon pat pran tan pou kouri transpòte Kato ki tap bay anpil san nan lopital Imakile Konsepsyon pou swen ke ka li merite.

Selon kèk sous ki fyab, Kato pa gaya! Li reyèlman nan yon eta ki kritik!

Comments are closed.