Sendika chofè motosiklèt yo nan komin Senlwidinò betone yon pati nan pasrèl Ti Rivyè a.

161
0
Share:
TRiboLAND

05/06/2026

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Sendika chofè motosiklèt yo nan komin Senlwidinò betone yon pati nan pasrèl Ti Rivyè a ki te andomaje pandan pasaj gwo lapli ak van semèn pase yo.

Yon espas ki te make gwo danje pou popilasyon kap itilize pasaj la. Paske se ak gwo risk moun yo t’ap travèse espas la. Men nan solidarite chofè yo ak kèk sitwayen konsekan nan vil la, vin gen yon amelyorasyon pou moun ak moto k’ap frekante espas sila ki te separe vil la ak 4 lòt seksyon kominal yo.

Popilasyon an bat bravo pou sektè moto a ki montre devouman ak sousi kominotè chak fwa rejyon an ap fè fas ak advèsite.

Share:

Leave a reply