Afrik Disid : Yon pastè pretann li resisite yon moun mouri

0 403

03-02-2019

Afrik Disid__(Triboland) Yon lòt kou ankò pou legliz nan peyi Afrik Disid; zafè paste Alph Lukau a kap fè pale de li. Pastè Lukau ta pretann resisite yon moun mouri e se pa de kontwovès sa kreye sou rezo sosyal yo. Anplis de sa, bagay mò resisite sa-a vinn raple tout moun yon pakèt vye souvni de yon seri skandal kap pase nan legliz Afrik Disid.

Se pa de ènn, laront, degoutans, ak repiyans kap degaje sou tout rezo sosyal yo, espesyalman sou rezo sosyal Afrik Disid yo, kote intènot pa sis pann pase mirak pastè Alph Lukau a anba betiz. Lukau ap dirije yon legliz evanjelik e li se yon patwon tou nan yon lòt gwo legliz ki rele Alelouya Ministè. Lukau se pitit Afrik Disid, men ki orijinè peyi Kongo. San anbarasman, li vante tèt li dèske li resisite yon moun mouri devan zye plizyè milye fidèl. Lòm de Dye a fè sòti tou yon video ki titre nimero “Rezurèksyon Tchalinj” ki anvayi tout rezo sosyal yo; e ki okazyone yon pakèt lòt moun ap fè senaryo video moun kap resisite.

Selon Laprès nan peyi Afrik Disid, Pastè Lukau se paste ki pi rich sou planèt la avèk yon fòtinn ki estime prèske yon milya dola. Antouka, skandal Lukau a vinn ogmante lis dezòd enkwayab pastè yo ap komèt nan Afrik Disid e atravè lemon.

Leave A Reply