Jounen mondyal lasante : nan okazyon an otorite sanitè yo òganize yon jounen pòt louvri.

04- 07 – 2026
Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Pou fasilite plis moun ki pa genyen gro mwayen jwenn swen sante, direktè lopital Sentantwann lan nan Jeremi, Dr Dady Montinord nan kole zepòl ak direktè depatmantal sanitè Grandans lan, Dr Pierre Boutròce Gally ak minis sante a, Dr Sinal Bertrand, òganize nan jounen mondyal lasante, yon aktivite pòt ́ louvri nan lakou lopital Sentantwann Jeremi an.
Daprè Dr Montinord , sete yon jounen bab ak moustach, pou moun an vil Jeremi kou zòn rekile yo, ak yon frè san goud sèlman, yo arive jwenn sèvis espesyal tankou : jinekoloji , pedyatri , chiriji, medsinn entènn, oftalmoloji , sykoloji, ekzamen, medikaman pou n site sa yo sèlman.
Pou direktè lopital Sentantwann lan, fok kominote an, patisipe nan jesyon lopital Sentantwann Jeremi an, kise yon patrimwann sanitè ki konstri nan ane 1923, peryòd okipasyon amerikèn. Li enpòtan pou pa genyen zak sabotaj ki kontinye fèt sou li, paske se inik lopital referans depatmantal ki genyen pou depatman Grandans lan.






