Gonaiv : Popilasyon nan lokalite Pwavil, nan tèt kole ak lapolis mete anba kòd yon prezime vòlò kabrit

2,622

06-29-2022

Gonaiv, Ayiti____(TRiboLAND) Li te anviwon 2 zè nan maten madi 28 jwen 2022 a, popilasyon an nan lokalite Pwavil nan Gonayiv, nan tèt kole ak polis nasyonal la mare tankou krab Patrick ke yo bare ak 2 gwo kabrit nan men l, yonn tèt koupe ak yonn vivan nan Pwavil 8 kote li tap pote yo bay yon zanmi santimantal li kise Aline kap vann vyann kabrit.

Selon enfòmasyon ki rive jwenn nou, se yon sitwayen ki rele Higuens ak Bendjy ki wè aksyon an; youn nan yo rale zam li nan moman annafè a ta pral bat pou leve kouri. Se konsa, popilasyon an te mobilze epi mete lapat sou Patrick epi rele fòs lòd yo ki te menm mare Aline ki te kòmanse ap depale.

Plizyè sitwayen nan zòn lan te fè lage Aline avan menm polis te mete pye, selon yon sous nou ka fè konfyans. Aline ki se boubout prezime vòlè kabrit la ap fè aksyon sa depi byen lontan nan kanton an, kote nèg la toujou vini ak kabrit pou manman fanm li vann; ki donk Aline se yon gwo manman konplis nan zak malonèt yo.

Nap raple popilasyon an te gentan kase tèt malfwa a ak kout baton, wòch e latriye. Pou kounya, endividi a ap genyen pou reponn kesyon lajistis.

Georges Abel

Comments are closed.