Óganizasyon sosyo popitik ” Yon Vwa Pou Nòdwès” prezante yon konferans sou angajman sosyal ak kominotè nan komin Senlwidinò .

90
0
Share:
TRiboLAND

03/31/2026

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Pati sosyo politik ” Yon Vwa Pou Nòdwès” reyalize yon gwo woumble nan komin Senlwidinò jounen samdi 28 mas 2026 la, nan objektif pou sansibilize popilasyon an sou angajman kominotè nan konstwi yon sosyete nèf epi entegrasyon fanm ak jèn yo nan pouvwa politik peyi yo.

Majistra Gaston Estima lonje dwat sou politik la ki dwe sispann sèvi sèlman kòm syans pouvwa, poul kapab retounen jwenn vrè sans valè li ki se chèche byenèt moun ak kominote a. Dirijan leta yo resevwa manda pou yo goumen kont povrete ki ap pèsiste a, epi jwenn yon chimen devlopman pou sove Ayiti.

Reveran pè Bertrand Dubreus bò kote pa li, ankouraje patisipasyon tout moun nan konstriksyon peyi a tankou jan “Vwa Pou Nòdwès” ap pwomote sa.

Share:

Leave a reply