TRIBO EXPRESS ACTUALITÉS NATIONALES – 21 MARS 2026

176
0
Share:
TRiboLAND

Chanjman nan Mèri Pòdpe a: Gouvènman an fè nouvo nominasyon ki souke Nòdwès

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLANd) Nan kad Konsèy Minis ki te fèt vandredi 20 mas 2026 la, gouvènman an pran yon desizyon enpòtan pou fè chanjman nan plizyè Mèri atravè peyi a, pami yo Mèri Pòdpè. Daprè enfòmasyon ki disponib, yon nouvo katèl deja nonmen pou pran direksyon enstitisyon an, avèk Ralph Moreau, Jamesky Jeanty ak Barbara Dugar Mertilus kòm prensipal responsab yo. Desizyon sa a vini nan yon moman kote anpil sitwayen t ap tann yon renouvèlman nan jesyon lokal la.

Selon sous ki pwòch dosye a, chwa nouvo ekip la ta gen rapò ak enfliyans Chanm Komès Nòdwès la, sa ki fè kèk moun wè li kòm yon “kout kreyon” estratejik. Nominasyon sa yo vini pou mete fen nan manda Josué Alusma, ki te pase anviwon 11 lane nan tèt Mèri a. Pandan peryòd sa a, plizyè kritik te souleve sou fason administrasyon an te jere zafè komin nan, ak anpil moun ki konsidere bilan an kòm plis negatif pase pozitif.

Pou kounye a, popilasyon an ap tann ofisyalizasyon desizyon sa yo. Nan vil Pòdpe, ke yo konn rele, plizyè sitwayen deja eksprime satisfaksyon yo fas ak chanjman an, sitou akoz dezakò ki te egziste ant yo menm ak ansyen ekip ki t ap dirije Mèri a. Nouvo katèl la gen gwo defi devan li pou retabli konfyans, amelyore sèvis piblik yo, epi bay komin nan yon nouvo direksyon devlopman.

Pandan yo voye yon mizangad bay gouvènman akoz yo tande non yon parèy nil k ap sikile kòm Delege depatmantal Nòdwès la

Lameri Tigwav atravè KORAKTIG lanse 2èm edisyon defile rara pou sezon 2026 lan.

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Lameri Tigwav atravè komite òganizatè aktivite kiltirèl Tigwav la (KOAKTIG), nan yon konferans li bay joined jedi 19 mas 2026 lan, okzanviwon 4 trè, nan lokal Louko Club, lanse 2èm edisyon defile rara yo prevwa òganize pou dimanch pak 5 avril 2026 kap vin la a.

Nan okazyon an, se ajan egzekitif entermè annaprè meri Tigwav la, Polmy Mascary ki te pran lapawòl, li mande ak pouvwa santral la fasilite yo jwen mwayen finansye pou ran’n defile rara a posib nan Tigwav paske daprè li, depi plizyé ane, kesyon rara a pran yon lòt dimansyon nan Tigwav, pandan l fè konnen leta santral atravè gouvènman lokal la dwe ankadre kilti rara a ki se nanm pèp ayjsyen an. Li solisite patisipasyon tout sektè, notanman manm dyaspora a.

Yon lòt kote, prezidan komite òganizatè aktivite kiltirèl Tigwav la, Fritzner Borgella, sou bò pa li, deklare yo prevwa yon bidjè 10.000000 goud pou akonpye bann rara yo. Responsab KORAKTIG la, ki pwesize ap genyen prim ki rezève pou rara ki premye a, 2èm ak 3èm nan defile a. Chèn Tamaren, Lanbi Grandlo, Grap Kenèp, Florida Bann, Ògèy Lajenès, Ratyè Full Force, Mizisyen Palè, Full Rasta, Manmannan Senjak, se kèk pami bann rara ki pral patisipe nan 2èm edisyon defile a, nan dat 05 avril 2025 kap vini la a. Selon prezidan komite festi rara a, Fritzner Borgella.

Un nouveau cartel vient d’être nommé à la tête de la mairie de Petit Goâve

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Un nouveau cartel municipal vient d’être nommé à la tête de la mairie de Petit Goâve.

1- Nom: Hilaire
Prénom: Federer Admirable
Nif: 006- 390- 324-1
Cin: 1020633128

2- Nom: Siclet
Prénom : Johane Luce Antoine
Nif: 009- 045- 547- 1
Cin: 1157230371.

3- Nom: Louis
Prénom : 0rdonald

Cin: 007- 711- 366- 1
Cin: 1385945895.
Ses trois (3) personnes auront prêter serment le mardi 24 mars 2026.
Ils sont chargés d’administrer
la commune de petit Goâve.

Mouvman Jènn pou Devlopman Lèziwa, plede anfavè bonjan eleksyon.

Lèziwa, Ayiti_____(TRiboLAND) Mouvman Jènn pou Devlopman Lèziwa, pa vwa Kòdonatè yo, pwofèsè Géraldy Charles, plede anfavè bonjan eleksyon lib, demokratik, transparent, men pou sa fèt fok genyen lib sikilasyon elektè yo. Konsa, yo rete kwè, tout moun dwe genyen aksè pou jwenn kat idanfikasyon nasyonal yo. Li pa kesyon pou yon sitwayen ou sitwayènn fè yon kat demalòg depi plizyè lane, pou li oblije ap peye pou genyen aksè ak yon dokiman leta. Nan sans sa, sitwayen peyi a, dwe posede doküman sila, san peye yon goud Lesko.

Pou pwofésè Charles ki pale nan non jenès iwazyènn lan, manm popilasyon an, sitou sitwayen ou sitwayènn ki pa genyen idantite, elektè sila yo kapab mete andout kredibilite posis elektoral lan nan tout nivo. Konsa, genren obligasyon pou direktè Jeneral Ofis Nasyonal Idanfikasyon an, Renold Guerrier ak manm konsèy elektoral pwovizwa a, pou rezoud pwoblèm sa yo, avan menm yo panse òganize eleksyon, si non sa kapab mete peyi a nan plis pwoblèm ak peripesi.

Share:

Leave a reply