Yon elikoptè ki tap trese lèl nan syèl Montòganize arive fè yon aterisaj fòse

03/21/2026
Montòganize, Ayiti______(TRiboLAND) Yon elikoptè fè aterisaj fòse nan moman li tap paweze nan syèl gri depatman Nòdès peyi Dayiti jodi jodi samdi 21 mas 2026 la.
Selon enfo TRiboLAND.com arive boske, aparèy la ta sanble nan moman aktivite pawezaj yo tap fè fas kare ak yon entanperan fawouch, ki te oblije li trese lèl e ateri nan zòn Montòganize. Se konsa, plizyè ajan PNH, pat pran tan pou te retrouve yo sou plas nan kad envestigasyon.
Pandan ke oken dega materyèl ou vi imèn pa anrejistre, lapolis ou otorite konsène yo pa ko fè sòti yon nòt ki genyen pou wè avèk sitiyasyon sila.






