TRIBO EXPRESS ACTUALITÉS NATIONALES – 20 MARS 2026

206
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè anba dlo, lè neglijans otorite yo tounen yon katastwòf chak fwa lapli tonbe

Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Nan vil Pòdpè, chak gout lapli sanble pote ak li yon nouvo epizòd soufrans pou popilasyon an. Olye lapli reprezante yon benediksyon pou anviwònman an, li vin tounen yon veritab kochma pou sitwayen yo, espesyalman nan Site Kapwa Lamò a. Sitiyasyon sa a pa yon aza, men pito rezilta yon absans grav nan jesyon ak responsabilite otorite lokal ak santral yo.

Nenpòt ti gout lapli tonbe, plizyè katye nan Pòdpè vin anba dlo. Kanal drenaj yo bouche ak fatra, sa ki lakoz dlo a pa jwenn okenn chemen pou li koule. Fatra ki akimile nan lari yo vin agrave sitiyasyon an, pandan li mete sante piblik an danje. Rezilta a klè : dlo anvayi kay moun, detwi byen yo, epi mete lavi yo an risk.

Pwoblèm lan pa limite sèlman ak drenaj. Enfrastrikti kle yo nan vil la prèske pa egziste ankò. Majorite pon ki konekte Chan Avyasyon ak wout 3 Rivyè a kraze oswa nan move eta. Sa rann sikilasyon difisil, sitou nan moman ijans.
Anplis, plizyè zòn enpòtan tankou Chan Avyasyon, Latandri ak Ri D. Estimé sanble totalman abandone. Absans antretyen ak envestisman fè espas sa yo vin tounen sous pwoblèm olye yo sèvi kòm solisyon pou devlopman vil la.

Depi plis pase 10 lane, jesyon meri Pòdpè a anba direksyon Josué Alusma ap soulve anpil kesyon. Paralèlman, Ministè Travo Piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC), anba direksyon Angelo Horacius, pa sanble pote repons adekwa ak bezwen popilasyon an.

Malgre pwomès ki te fèt pou amelyore kondisyon lavi sitwayen yo, pandan li te menm rive di ke apre lapli moun ta ka mete rad blan san pwoblèm, reyalite a montre tout kontrè a. Jodi a, lapli vin sinonim ak labou, dlo sal, ak dezolasyon.

Sitiyasyon sa a gen gwo konsekans sou lavi chak jou sitwayen yo. Timoun pa ka ale lekòl fasil, aktivite ekonomik ralanti, epi risk pou maladi tankou dyare, kolera ak lòt enfeksyon ogmante.

Anplis, santiman abandònman ap grandi lakay popilasyon an, ki santi yo neglije pa moun ki gen responsablite pou pwoteje yo. Elas!

Ensekirite fonse nan Okay, Pakè a pran yon seri dispozitif pou mete lòd

Okay, Ayiti ______(TRiboLAND) Nan depatman Sid la, pwoblèm ensekirite fonsye a ap pran plis anplè chak jou. Pou fè fas ak sitiyasyon sa a, Pakè ki bò kote Tribinal Premye Enstans Okay la deside entèvni atravè yon lèt ouvè li voye bay otorite polisyè ak jidisyè yo nan dat 19 mas 2026. Objektif prensipal la se mete yon fen nan pratik ilegal ki gen rapò ak apantaj tè, ki souvan lakòz konfli ak dezòd nan mitan popilasyon an.

Komisè Gouvènman an, Pierre Wilner Dormevil, mande ak tout otorite konsène yo pou yo opoze ak nenpòt operasyon ki pa fèt daprè lalwa, sitou sa yo ki fèt nan lè ki pa nòmal tankou avan 8è nan maten ak aprè 6è nan aswè. Selon li, se nan moman sa yo anpil zak fwod ak magouy fèt pou pran tè moun ilegalman.

Anplis mezi entèdiksyon sa yo, Pakè a lanse yon apèl pou vijilans bay sitwayen yo ansanm ak pwofesyonèl nan domèn legal la. Nan yon lòt lèt ki soti 18 mas 2026, Pierre Wilner Dormevil konseye tout moun pou yo verifye ak anpil atansyon tout dokiman ki gen rapò ak achte tè oswa kay, pou evite tonbe nan pyèj fwod ki kapab lakòz gwo pèt finansye.

Finalman, mezi sa yo montre volonte otorite jidisyè yo pou reprann kontwòl sou kesyon fonsye nan Okay. Men, pou rezilta yo vizib, li enpòtan pou gen kolaborasyon ant lapolis, lajistis ak popilasyon an. Se sèlman nan respè lalwa ak plis vijilans yo kapab diminye konfli epi pwoteje pwopriyete sitwayen yo nan depatman Sid la.

Minis travo piblik transpò ak kominikasyon an, Enjenyè Pierre Louis Almathe renouvle konfyans nan direktè depatmantal travo piblik Grandans lan.

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Nouvo minis travo piblik travo transpò ak kominikasyon an, Enjenyè Pierre Louis Almathe ki te depasaj nan Sid peyi a, renouvle konfyans ministè a, nan direktè depatmantal travo piblik Grandans lan, Enjenyè Kesnel Paris, pou kouraj ak kapasite pwofésyonèl li pou kenbe direksyon depatmantal lan operasyonèl.

Fas ak dinamik direktè Paris, minis Pierre Louis pwomèt pou ranfòse kapasite lojistik direksyon depatmantal Grandans lan, jis pou bay plis rezilta nan kad politik gouvènman Alix Didier Fils-Aimé an. Minis Pierre Louis mande tout pèsonèl administratif, teknik , direksyon depatmantal ministè a, nan Grandans pou kontinye kolabore ak direktè Paris, pou avansman depatman an nan kesyon devlopman enfwastrikti woutyè.

Enstitisyon PANOS òganize yon seyans fòmasyon pou plis pase yon 30 tèn jounalis nan komin Miragwan.

Miragwan, Ayiti ____(TRiboLAND) Enstitisyon PANOS òganize yon seyans fòmasyon pou plis pase yon 30 tèn jounalis, ki soti nan rejyon Dèpal ak depatman Nip peyi Dayiti, patikilyèman nan komin Miragwan jounen mèkredi 18 mas 2026 la. Seyans fòmasyon sila a, te dewoule sou etik enfòmasyon ak responsabilite nimerik.

Fòmatè yo te mete aksan sou sou valè mora, respè, ak devwa jounalis pou yo aji avèk anpil pwofesyonalis nan kad egzèsis metye a.

Deba nan radyo difizyon, deba nan medya an liyn yo, kòd etik, kòd dewontoloji responsabilite sosyal medya yo e latriye…..se ansanm tematik sa yo, yo te trete ak jounalis yo nan seyans fòmasyon sıla.

Toutfwa, responsab yo nan enstitisyon PANOS la, ankouraje jounalis yo pou fè vwa jenès la pase nan medya yo nan okazyon reyalizasyon pwochèn eleksyon yo ki prevwa pou 30 dawout 2026 kap vini la.

BSAP fete 2èm anivèsè li depi li te enplante’l nan komin Tigwav.

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) BESAP selebre 2èm anivèsè li depi li te enplante li nan komin Tigwav; seremoni an te dewoule nan lokal yo nan Fòlibète, 11èm seksyon Ravin Sèch komin Tigwav, jedi 19 mas 2026 la.

Nan okazyon 2èm anivèsè kò BSAP la, yo prezante bay popilasyon an, yon brikèt chabon yo fè ak dechè òganik, yon fason pou sansibilize popilasyon an pa koupe pye bwa nan kominote a. Pandan yo fè konnen, BESAP pa sèlman konn kenbe zam, men tou yo kapab fè e kreye yon pakèt bagay nan kominote yo.

Responsab BESAP yo pwofite prezante bilan ansanm aktivite yo rive reyalize pandan 2 zan egzistans yo nan site souloukwaz la; yo fè konnen, yo plante 2.000 pye bwa nan 1èm, 2èm ak 3èm seksyon kominal Tigwav, yo òganize plizyé seyan fòmasyon pou ajan BSAP yo, yo fè sikilasyon pou travèse elèv lekòl yo nan lari a, yo sekirize lopital jeneral notre Dame Tigwav epi yo patisipe nan fè asenisman vil la.

Toutfwa kò BSAP la, mande kolaborasyon popilasyon an, yon fason pou travay yo a, kapab vin pi efikas.

Yon rankont òganize nan palè minisipal Senlwidinò a nan kad planifikasyin pou peryòd rara ane 2026 la.

Selwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon gwo rankont òganize nan mèri Senlwidinò a, ak tout otorite yo nan komin nan pou planifye pakou rara yo pou ane 2026 la. Se te yon rankont ki te défoule nan prezans Lajistis, Lapolis, Lameri, Kazèk, Azèk, ak diferan chèf bann ki tap diskite sou tout mezi ki pran pou estriktire aktivite rara ki toujou debouche sou deblozay nan mitan popilasyon kiltirèl la.

Plis pase yon 50èn pèsonalite te reponn prezan nan reyinyon an pou pran desizyon sou sekirite nan peryòd rara a. Tèm rara a ane sa, se : “Ann rekonsilye pou n chanje rara nan komin Senlwidinò”.

Pami rara kite patisipe nan tèt kole a, se : Zoreken, 4èm seksyon Rivyèba, Zakapwèl, 1èm seksyon nan Zore, Etwal Briyant, 2èm seksyon Dovre, Deblayi, 3èm seksyon Chemen Dègranj, Baselona, 2èm seksyon Dovre, Kèdelyon, 5èm seksyon Deboche ak Fòs Selès, 1èm seksyon Dansalonb, e Apèsi, 5èm seksyon Kap Wouj.

Se konsa, tout chèf bann yo tap bat bravo ak lakontantman pou bon jan dispositif ki pran pou bon jan reyisit rara a nan komin Senlwidinò.

Incident à l’aéroport des Cayes : un avion d’IBC Airways s’écrase après l’atterrissage

Ce matin, à l’aéroport international Antoine Simon des Cayes, un avion d’IBC Airways a perdu le contrôle après atterrissage, sortant de la piste et s’écrasant contre la clôture métallique, en raison d’un bruit de choc.

Les causes restent floues ; certains évoquent les pluies diluviennes récentes, d’autres une panne technique du train d’atterrissage. Une source indique que l’appareil aurait rencontré des problèmes techniques peu avant l’incident.

L’aéroport avait récemment été inauguré le 6 mars 2025 par l’ancien président Leslie Voltaire, dans un contexte marqué par des controverses sur les irrégularités liées aux installations, notamment les toilettes et la configuration de la piste.

Les autorités poursuivent l’enquête pour déterminer les causes exactes, tandis que les habitants espèrent des mesures pour renforcer la sécurité.

HAÏTI DANSE SUR UN VOLCAN ….

Une économie au bord du gouffre : déclenchement du vaste soulèvement populaire qui va secouer le pays .” À chacun son métier et les boeufs seront bien gardés”

Port-au-Prince, la Capitale a toujours été le centre de la manifestation. Et ces manifs font exploser la colère dans un pays où les besoins élémentaires comme l’eau, l’électricité, le ramassage des déchets, le tri, in fine ,l’accessoire universel aux soins de santé sont défaillants. Le système, quarante ans durant, a créé de nombreux réseaux clientélistes gangrenés par la corruption. Alors que les grandes fortunes, les banques et les éternels assoiffés de pouvoir se sont enrichis, les contestataires ne veulent pas que les classes moyennes et les pauvres paient le prix de la crise. On peut parler là d’une révolution dans le sens où ce n’est pas seulement un soulèvement contre le gouvernement et des élites politiques. C’est une nouvelle génération qui se mobilise en transcendant les vieux clivages qui entendent se partager le pouvoir. Elle se bat pour imaginer une autre Haïti en se réappropriant l’espace public sur d’autres valeurs.

Nous ne sommes pas sans ignorer que la fragile Haïti a toujours été le jouet des grandes puissances. Pour la toute première fois, les manifestants se seront opposés aux ordres des pro- consuls et le pouvoir ne pourra pas miser sur un quelconque essoufflement pendant que durent les tractations entre les partis. Le temps presse Didier, le pays bruisse de rumeurs sur sa santé financière. Haïti a toujours été un perpétuel miracle, certes, mais pas cette fois.

Mais qu’ont-ils fait ces Haïtiens pour qu’on en arrive là. Les leviers d’Haïti seraient-ils, à tous les niveaux entre les mains de ganaches machiavéliques, patraques ou pyromanes qui n’ont aucun sens de l’intérêt général. Alors, comme disait Aragon: ” Écoutons le venir des vertiges”.Mais hélas, rien ni personne ne semble en mesure d’arrêter la Mer qui monte tous les jours et en l’espace on ne saurait imputer toutes ses crues en cours au réchauffement climatique. La cause en est l’échauffement actuel des esprits. Contre leur résistible ascension, le prétendu plafond de terre finira cette fois ,par exploser.

Share:

Leave a reply