Yon ansyen depite PHTK ap kesyon yon seri “pwojè fantom” depi 2 lane nan Basen Ble

460

04/09/2021

Basen Ble_____(TRiboLAND) Nan yon konferans Pou laprès jounen jedi 8 avril 2021 an, ansyen depite Basen Ble a, msye Dénis Saint-Fort, soti nan silans li pou denonse yon ansanm pwojè ki te demare depi plis pase 2 lane nan komin saa; depi lè l te depite e ki pa janm rive egzekite. Ansanm pwojè sa yo se:

a. Travay konstriksyon Lise Basen Ble a.
b. Travay konstriksyon Mache Wo Moustik, 2è Seksyon Kominal Basen Ble.
c. Pwojè dlo potab nan Basen Ble ki te jwenn finansman bòkote BID kote direktè DINEPA Pa janm di anyen konsènan pwojè saa.
d. Betonaj vil Basenble (enjenyè Tassy Marc Eli) yon pwòch ansyen prezidan an ki t ap egzekite l e ki pa janm rive nan bout li.
Savledi, pwojè sa yo kòmanse e yo pa janm egzekite. Lajan gagote! Pwojè Fantom!

Devan tout deriv sa yo, ansyen palmantè PHTK a, msye Denis Saint-Fort, adresse dirèkteman ak prezidan Jovenel Moïse, Pou l rele tout minis, direktè jeneral ak enjenyè ki te okouran de ansanm pwojè sa yo, pou yo bay popilasyon plis eksplikasyon sou deriv jwèt manje tè ak gagotaj, siwotaj ki fèt ak lajan popilasyon an.

Ansyen palmantè a PHTK a ki ta sanble pa vle pale de kòripsyon nan kad ansanm pwojè sa yo ki demare nan Komin Basen Ble depi 2 lane, prefere lage balon an pye ansyen prezidan Jovenel Moïse pou l kesyone minis, direktè jeneral ak enjenyè pwezime sispèk sa yo ki te okouran de ansanm pwojè sa yo yon mannyè pou limyè kapab rive jayi.

Saint Jean Wiskis

kredi foto: flickr

Comments are closed.