Bilan 3 jou gra Kanaval Jakmèl 2026 : 18 moun blese, 5 moun rete anba men lapolis

274
0
Share:
TRiboLAND

02/18/2026

Jakmèl, Ayiti ________(TRiboLAND) Kanaval Jakmèl 2026 la, ki dewoule nan vil Jakmèl, fini avèk yon bilan kote 18 moun sòti blese lejèman pandan twa (3) jou gra yo. Dapre enfòmasyon ki soti nan yon sous polisyè, pami viktim yo genyen 13 gason ak 5 fanm. Okenn ka grav pa rapòte dapre menm sous la, men otorite yo te oblije entèvni nan plizyè sitiyasyon pou evite plis dezòd.

Nan kad dispozitif sekirite a, lapolis fè 15 arestasyon pandan peryòd la. Sou kantite sa a, 10 moun deja lage apre premye verifikasyon yo, tandiske 5 lòt rete anba men lapolis pou kesyonman ak ankèt pi apwofondi.

Malgre kèk ensidan izole, aktivite kanaval yo te kontinye nan yon anbyans relativman kalm selon otorite yo. Lapolis anonse li pral kontinye ranfòse mezi sekirite nan evènman piblik k ap vini yo pou garanti pwoteksyon popilasyon an.

Share:

Leave a reply