Okap : Delege depatmantal ak Ajan Egzekitif la fè lapè nan fèt Notre-Dame

53
0
Share:
TRiboLAND

08/16/2026

Okap, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon imaj ki pote anpil espwa nan mitan popilasyon Nò a te make selebrasyon fèt Notre-Dame nan Okap jodi samdi 15 dawout la. Delege depatmantal Nò a, Présumé, ak Ajan Egzekitif Enterimè Okap la, Michel Saint-Croix, te finalman bay youn lòt akolad nan fen Mès la, yon jès ki sanble mete fen ak tansyon ki te egziste ant de otorite yo.

Pandan kòmansman Mès la, se te yon lòt imaj ki t ap fè aktyalite sou rezo sosyal yo. Delege Présumé ak Majistra Saint-Croix te parèt nan yon pozisyon ki te bay anpil moun enpresyon yo pa t sou menm longèdonn. Men, nan fen seremoni relijye a, de otorite yo te chwazi pwoche youn bò kote lòt epi bay yon akolad, yon jès anpil moun konsidere kòm yon siy rekonsilyasyon ak volonte pou mete tèt ansanm.

Relasyon ant Delege depatmantal la ak Ajan Egzekitif la te deja make pa plizyè dezakò sou kèk desizyon ak oryantasyon konsènan jesyon vil Okap. Konfli sa yo te soulve anpil kesyon sou kapasite otorite lokal yo pou yo travay ansanm nan enterè popilasyon an. Akolad ki fèt nan fèt Notre-Dame nan kapab, nan sans sa a, louvri yon nouvo paj nan relasyon ant de responsab yo.

Pou anpil sitwayen, si de otorite sa yo rive mete diferans yo sou kote epi travay nan tèt ansanm, sa kapab pote yon nouvo dinamik nan devlopman Okap, sitou nan yon moman kote vil la bezwen anpil aksyon sou plan administrasyon, pwòpte, sekirite, enfrastrikti ak sèvis piblik. Gen moun ki apresye detèminasyon Majistra Saint-Croix sou kèk dosye lokal e ki kwè yon kolaborasyon sere ant li menm ak Delege depatmantal la kapab bay plis fòs ak efikasite nan aksyon otorite yo.

Sepandan, gen yon mesaj ki deja ap sikile nan mitan kèk sitwayen: «Piga 2 otorite sa yo dakò pou yo vin divize nan pwofi nèg Pòtoprens.» Pou moun ki pote opinyon sa a, antant ant otorite lokal yo dwe fèt an premye nan enterè Okap ak popilasyon Nò a, san enfliyans oswa enterè ekstèn pa vin detwi inite a.

Akolad Delege Présumé ak Majistra Saint-Croix rete, pou kounye a, yon senbòl. Se aksyon yo nan jou ak mwa k ap vini yo ki pral montre si jès sa a se te sèlman yon moman emosyonèl nan yon gwo fèt relijye, oswa si li vrèman make kòmansman yon nouvo epòk kolaborasyon pou pi gwo enterè vil Okap ak depatman Nò a.

Share:

Leave a reply