Nan okazyon fèt patwonal Notre Dam Imakile Konsepsyon nan Rozo, plizyè moun pèdi lavi yo nan aksidan sikilasyon.

191
0
Share:
TRiboLAND

12 – 10 – 2025

Rozo, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan okazyon fèt patwonal Notre Dam Imakile Konsepsyon nan komin Rozo, plizye moun pèdi lavi yo nan aksidan sikilasyon sou wout nasyonal nimero sèt la, ki okipe yon bon pati nan komin Rozo. Pami moun ki pèdi lavi yo, genyen yon jenn antreprenè ki pote non Arold Simon ki al fè kolizyon ak yon lòt moun kite sou moto. Chofè moto sila, selon sa TRiboLAND aprann, te wout pou al pran plezi li nan okazyon fèt Imakile Konsepsyon an, ki se yon randevou anyèl pou tout pèleren melomann.

Selon temwayaj anpil moun nan kominote Woslèz la, se preske chak ane, peryòd 8 ak 9 desanm, toujou genyen moun ki pèdi lavi yo nan okazyon fèt Sen patwon komin Rozo, ki atire divès moun atravè depatman Grandans lan.

Fas ak yon fenomèn konsa, anpil moun mande sèvis sikilasyon ak tout enstitisyon polis nasyonal la, pou deplwaye ajan polis sikilasyon pou kontwole tout kondiktè machinn e moto kap fè eksè vitès sou nasyonal nimero sèt lan; sanksyone yo kòm sa dwa kòm moun ki vyole la lwa sou sikilasyon an nan mete lavi moun andanje. ‎

Share:

Leave a reply