Deklarasyon diskriminasyon santi kri Donald Trump kont migran ayisyen yo leve plim sou do anbasadè ayisyen, Brocchit Edmond nan Wachennton

2,190

10/09/2021

Wachennton________(TRiboLAND) “Sa fè anpil lapènn ak wont lè wap tande akizasyon diskriminatwà ki pa chita sou anyen ki soti nan bouch ansyen pwezidan Etazini an, Donald Trump. Kalite deklarasyon sa yo anjandre pliz rayisans ak kerèl kont migran”, dapwè repwezantan diplomasi ayisyèn nan nan Wachennton.

Edmond ki deklare ke li pat panse ke pwezidan Etazini an te kapab rive nan nivo sa, estime ke tout migran, kèlke swà nasyonalite yo, dwe jwenn ti moso respè. “Yo merite trete ak respè e dinyite kèlke swà kote yo soti”, dapwè yon tweet ke diplomat la te lage deyò.

Nap raple, nan yon antretyen ke li te genyen avèk Sean Hannity sou yon chènn televizyon amerikènn, Fox News, ansyen pwezidan Etazini an te deklare ke si moun ap gade sa kap pase nan peyi Dayiti, anpil nan moun kap antre ki se majorite ayisyen yo ap pote SIDA sou tèritwà ameriken an.

Yon parèy deklarasyon kreye plis konfuzyon nan yon moman ke Donald Trump ap mande “tanpri souple” yon fason pou facebook ou Twitter rekonsidere reyaktivasyon kont li ap rezo sosyàl sa yo ki te bloke Trump pou menm vye kalite deklarasyon rasis, santi kri ak layènn kont lòt peyi ou gwoup migran.

Comments are closed.