Kòdonatè GAD lan, fè apèl mobilizasyon jeneral pou fòse doktè Ariel Henry kite pouvwa a.

690

07-11- 2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Jean Ronald Azor, kodonatè gwoupman angaje pou devlopman (GAD), mande tout fòs viv depatman Grandans lan, mobilize yon fason pou fòse doktè Ariel Henry ak tout akolit sankoutcha li yo kite pouwa a.

Pou Mèt Jean Ronald Azor, premye minis lan ak tout kòkòday li yo pa genyen ni dwa, ni kalite pou ap jwi tout privilèj nan leta, pandan ke majorite a, ap benyen nan kras ak lamizè.

Mèt Jean Ronald Azor ale pi lwen pou mande peyi gran pwisans ekonomik yo, tankou Etazini, Kanada, e Lafrans , pou yo sispann bay sila yo tete kap toupizi pèp la.

Comments are closed.