Claude Joseph pa deside kanpe avèk pwojè konstriksyon sistèm irigasyon sou Rivyè Masak la

2,846

11/21/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Minis Afè Lòt Bò Dlo peyi Dayiti a, Claude Joseph pa soti fè mach aryè sou pwojè konstriksyon baraj irigasyon ansyen pwezidan Jovenel Moise te entwodwi nan lane 2018 sou Larivyè Masak, Plèn Maribawou, zònn fwontalyè repiblik dayiti ak repiblik dominikèn.

Selon, Claude Joseph ki ta sanble pa mete pantalon li pou bèl twàl, li vital pou resisite yon parèy pwojè ke konpayi kiben DINVAI ap egzekite e ki genyen pou objektif fasilite awozaj plis pase 3 ekta tè nan zòn Plèn Maribawou ki selon diplomat la ap jenere anplwàyabilite, apezman ekonomik e espesyàlman ranfòseman pwodiksyon agrikòl pou popilasyon an.

Konsa, pwojè a te kanpe akoz lwà pwotestasyon ki tap danse nan tèt otorite dominikèn ki te kanpe ankwà kont yon parèy inisyativ; sou pwetèks yon parèy pwojè te vize atake enterè tèritwà repiblik dominikèn. Yon pozisyon ke anpil kritik estime ki san fondman, ilojik e ki pa kanpe sou anyen. Kidonk, yon parèy pozisyon atire atansyon anpil lòt kritik ki denonse yon kriminalite visral ak yon awogans pèmèt lakay dominiken yo pou anpeche oken inisyativ agrikòl antreprann nan enterè nasyon ayisyènn nan; wap konprann yon bezwen kontinye fè etèn souf pwodiksyon nasyonal Dayiti a ki deja ap pèdi plim.

See the source image

Konsa, yon parèy atitid petèt jistifye akizasyon ki pandye sou tèt otorite dominikènn yo ki travèse espas ayeryen peyi Dayiti e itilize dwònn ki parachite pwodwi chimik ki detwi yon pakèt kouch vejetasyon ayisyèn nan zòn fontalyè a. Leta ayisyen ta dwe antreprann yon seri demach serye, anboche ekspè ( ki pa depaman ak moun ki pran yon abitid leze dwà ayisyen yo ou pase anba vann ou antann yo ak otorite dominikènn yo ki toujou jwenn konze kap ede yo pyetine sitwàyen ayisyen) nan nivo entènasyonal ki kapab ede yo envestige ou analize posiblite dechè tosik ou pwodwi chimik kap detwi yon seri plantasyon nan zònn fwontyè ki relye repiblik dayiti ak repiblik dominikèn.

Awogans, pwovokasyon ak agresyon san sans ke otorite dominikèn pa sispann miltipliye tanzantan, se yon lòt pi gwo ensekirite ke peyi ap fè fas. Li date ekzakteman menm jou otorite sangwen, initil, tèt wòwòt te deside kraze lame e vann lòt peyi tout sa yo te posede antèm kapasite defans militè. Ayiti lwen pou li kanpe menas otorite dominikèn sa yo tout otan Ayiti pa militarize yon lòt fwà ankò tèritwà li.

Resisite pwojè konstriksyon baraj idwolik Plènn Maribawou a, li plis ke yon bagay ki inikman konsène Claude Joseph; se afè tout moun, men jan se afè tout dominiken pou yo sipòte sa kap nan avantaj lakay avan tout bagay.

Chanselye Claude Joseph, nan yon lèt li adrese bay PM Ariel Henry, raple enpòtans kontinwite yon parèy pwojè. “Se nan enterè nasyon an, patikilyèman popilasyon nan zònn nan ke pwojè a ye. Fòk pwojè a kontinye e materialize. Se swà jamè, Leta ayisyen pap janm asèpte oubyen sispann yon pwojè ke li antreprann selon enjonksyon yon gouvènman etranje”, dapwè Claude Joseph ki ta sanble detèmine pou defann dwà pèp ayisyen an ke abolotcho pa sispan vyole sou tout fòm.

Nap raple, nan lèt ke Chanselye ayisyen an, Claude Joseph te reponn Chanselye dominiken an ki date 15 jwen 2021 dènye, li te deklare klè kon klewòz ke pwojè Larivyè Masak, kontrèman jan ke responsab dominiken yo vle fè konprann, pa genyen oken enpak ou pa janm repwezante yon devyasyon ki ale kont enterè tèritwà dominiken an.

Comments are closed.