Piknik group Vision Marien : yon veritab siksè pou moun Nòdwès Dayiti kap viv nan Sid Florida

Florid, Etazini_____(TRiboLAND) Jodia samdi a fè 8 jou depi group Vision Marien te arive reyini nan yon anbyans sosyo-kiltirèl, yon latriye moun atravè yon piknik tradisyonèl gran panpan, nan objektif pou pwomote valè ou tout sa ki reflete yon pozitif imaj de Nòdwès peyi Dayiti.
Òganizasyon sila ki konpoze ak pitit Nòdwès, rete kwè se yo menm ki deyò ki pou bay depatman an jarèt. Li dote tèt li de yon objektif manch long ki genyen anpil pou wè avèk: pwoteksyon anviwonmantal, edikasyon, agwikilti ak devlopman ekonomik.
Vision Marien pran nesans depi 2024. Li genyen nan tèt li, Anceleau Joseph, yon pwofesè retrete nan peyi Etazini, yon petit Nòdwès ki pa manke manifeste enterè nan adrese pwoblematik depatman an. Nan yon interview ke li deklare bay TRiboLAND.com, mesye Joseph esplike konbyen pami yo ki soufwi ak nostaji fas ak sitiyasyon krisyàl peyi Dayiti, ki anpeche yo retounen lakay e mete yo aladispozisyon bezwen peyi yo.
Piknik tradisyonèl Vision Marien an, te fèt nan vil Hollywood, Florid. Li te reyini yon bon valè moun tout plimay. Se te yon okazyon pou plizyè jenerasyon nòdezyèn te rankontre e distrè yo nan yon anbyans kiltirèl, kote yon latriye manje espesyal, pwim, jwèt rekreyatif e pwodwi lokal te orandevou. Moun te kapab remake yon seri tèt seri tankou Don Roro, Ti Yenyen (ansyen foutbolè) ki, prezans yo te fè reviv tout yon seri souvni dantan ki te make jenès yo nan site Kapwa Lamò a.
Group Vision Marien, genyen pwatikman vizyon pou Nòdwès, yo reyini an feso pou reponn ak yon seri egzijans selon mwayè ekonomik yo. Yo asiste sèten elèv ayisyen avèk bous etid kòmanse nan 3èm rive nan filo. VM invèsti nan rekonstitye kouvèti vejetal yon lokalite nan Ba Nòwès ki rele Gotye. Yo arive plante anpil nan pyebwa ki te yon seri espès tap disparèt, tankou kanpèch, Bwachèn ak Flanbwayan, pou nou site sa yo sèlman.
Anfen chak ane VM fè koze atravè nan dewoulman yon chanpyona vankans sou Pak Sen Terèz Ginode, Jan Rabel. Se yon veritab sasèdòs pou òganizasyon an, ki rete kwè atravè aktivite espòtif, anpil jwen ap kapab rete lwen delenkans jivenil ak pwostitisyon ou debòch. Kidonk, chak ane Bondye mete.
Antouka, group Vision Marien remèsye e felisite tout sa yo ki te fè deplasman jounnen samdi 13 septanm 2025 lan nan Denia Beach, Florida; yon moman kiltirèl kap rete memorab nan istwa fanmiy nòdezyèn nan kap viv andeyò peyi a.






