Santwal Initè Travayè ak Travavayèz prive, piblik Ayiti, se yon regwoupman sèktè sendikal ki lanse nan Jeremi.

96
0
Share:
TRiboLAND

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Nan objektif pou ranfose batay sendikalis yo ak defann dwa yo kòm travayè ou travayèz nan piblik kou prive, sendikalis pwofésè Josue Merilien ki te akonpaye kèk lòt kolèg li yo, tankou prezidan sendika isye yo, mèt Schelomith Dorvil, fè lansman ofisyèl Santwal Initè Travayè ak Travavayèz prive, piblik Dayiti, yon fason pou mennen batay pou chanje lavi diferan pèsonaj ki se manm aktif sendika a.

Sete okazyon pou pwofésè Merilien te poze pwoblèm pwofésè yo, ki dwe rezoud anvan menm rantre lekòl la, pou ke grèv yo pa kontinye, e tanmen bonjan ankèt sou kòman leta Ayisyen ap depanse ak itilize lajan Fon Nasyonal Edikasyon an (FNE), e mande inite lit kont koripsyon (ULCC) pou dilijante yon ankèt serye anvan menm rantre lekòl lan.

Share:

Leave a reply