Anploye pakè yo nan Jeremi, kanpe travay an siyn solidarite ak yon kòlèg travay yo ke polisye maltrete

1,047

04-13-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Mèt Ednord Jean Luma se yon grefye pakè Jeremi an ki viktim anba men 3 polisye nan moman li te akonpaye yon pwòch pou fè yon paspò nan biwo imigrasyon an.

Viktim lan ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND fe konen, se plis ke pilonnen polisye yo pilonnen li; pye dejwente e resevwa anpil lòt pataswèl anba men polisye ki plis genyen fòs sou bannan mi.

Konsa, pou anploye pakè Jeremi a; kanpe travay sa a, antre nan kad sipò moral ak solidarite anfavè kòlèg yo ki viktim e egzije sanksyon pou polisye bouwo yo. Anplis, protestatè yo mande egalman konkou ou entèvansyon minis Jistis la ak tout lòt òganizasyon kap defann dwa moun, fas ak yon parèy bwitalite lapolisyè.

Konsekans kanpe travay anploye pakè yo, vin ajoute plis kontrent ak difikilte nan prosesis delivre sèvis popilasyon an, patikilyèman  dezangajman pakè a pou pa resevwa moun ki nan gadavi ke lapolis nan Jeremi arete.

Comments are closed.