2 ajan CIMO agrese 2 jounalis nan manif masiv 4 Oktòb 2019 la

Pòtopwens__(TRiboLAND) Ajan CIMO pa sispann sal imaj enstitisyon polis la; e yon fè li ankò yon lòt fwa nan manifestasyon radmare ayè Vandredi 4 Oktòb 2019 la.
Yon jounalis repòtè foto pou yon ajans pwès KAPSYNEWS, Francois Frantz pwan plizyè pata swèl anba grif yon ajan CIMO toupwè baz Nasyon Tèt Kole yo nan Clercine apwè plizyè tentativ pou jere manif masiv e istorik opozisyon an.
Akote sa, yon lòt jounalis ki soti nan zantray Voix de L’Amérique, Matiado Vilmé ta pwàl fè fas tou ak yon seri agwesyon bò kote yon lòt ajan CIMO pandan ke repòtè-a tap egzèse fonksyon ak tout dwa ke li genyen pou kouvwi e rapòte.
An atandan ankèt yo rapouswiv oubyen yo efase yo, Direksyon Polis Nasyonal la gen anpil travay edikasyon ak fòmasyon pwofesyonèl pou li fè, yon fason pou ede yon seri bouwo diferansye wòl yo kòm fòs sekirite nasyonal e yon gwoup patizan kap defann yon rejim.
Kidonk, Pwès Ayisyènn nan pa sibi zak agresyon ak lanmò sou 2 manda rejim Plonje Haiti Tou Kanpe-a (PHTK).






