Montòganize : Plis pase 40 jèn benefisye fòmasyon gratis Fondasyon TRiboLAND nan dekorasyon

03 – 08 – 2025
Bwanèf, Montòganize, Ayiti____(TRiboLAND)Toujou nan kad pelerinaj seyans fòmasyon gratis ke Fondasyon Triboland ap kontinye bay jèn yo nan plizyè lokalite sou ti bout tè Papa Dessalines nan, yon seremoni livrezon sètifika te òganize nan kad 2 jounen fòmasyon ki te fèt Samdi 17 ak Dimanch 18 janvye 2025 dènye a.
Fòmasyon sila ki te sitou akse sou dekorasyon, te sansibilize yon latriye jèn fanm ak jèn gason nan lokalite Bwanèf, komin Montò Ganize. Gras ak koperasyon kòdonatè mouvman an, Enjenyè Louendy Jean, plis pase 40 patisipan arive dekwoche yon sètifikasyon sou aprantisaj dekorasyon, yon metye manyèl ki se gaz ra nan rejyion an.
Fondasyon TRiboLAND felisite egalman konpetans ak bon sans sipò kominotè Madam Sylvanie Gabriel kòm fòmatris pwomosyon sila ki deja pare pou mache a nan kad devlope yon potansyalite ekonomik pou tèt yo.
Nou vle raple, majorite nan jèn sila yo pat genyen senkòb chada pou peye; yo yout te reponn prezan nan sòlòkòtò remiz sètifika a; yon anbyans kote ke kontantman ak satisfaksyon yo te fè yon sèl nan mitan kè aprenan yo nan jounen dimanch 2 mas 2025 lan.






