Mèri Pòdpe pran dispozitif ak sansibilizasyon kont moun kap abize plas piblik yo pou fè komès

53
0
Share:
TRiboLAND

06/11/2026

Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Administrasyon Minisipal Pòdpe a lanse yon kanpay sansibilizasyon pou enfòme tout moun k ap itilize plas piblik yo pou fè komès sou nouvo dispozisyon li pran pou pwoteje espas sa yo. Daprè otorite minisipal yo, plas piblik yo fèt pou sitwayen yo pran detant, chita reflechi, oswa patisipe nan aktivite sosyal ak kiltirèl, men yo pa fèt pou sèvi kòm mache oswa espas biznis. Nan kad demach sa a, Mèri a mete yon DJ k ap sikile nan diferan zòn pou pase mesaj sansibilizasyon yo bay popilasyon an.

Ajan Egzekitif Enterimè Mèri Pòdpe a, Ralph Moreau, fè konnen administrasyon li a chwazi chemen dyalòg la olye de mezi sevè san preparasyon. Li eksplike objektif prensipal la se pèmèt machann yo konprann rezon ki dèyè desizyon an epi jwenn kolaborasyon yo anvan aplikasyon mezi yo. Daprè li, sansibilizasyon an se yon etap enpòtan pou evite konfli epi favorize yon tranzisyon ki fèt nan respè ak konpreyansyon mityèl.

Majistra a anonse tou ke Mèri a pral pran dispozisyon pou regle kesyon moun k ap okipe lari ak twotwa yo pou fè komès. Li fè konnen otorite yo ap travay sou posiblite pou jwenn altènativ ki ka pèmèt machann yo kontinye chèche lavi yo nan kondisyon ki pi apwopriye. Sepandan, li ensiste sou nesesite pou retabli lòd nan vil la, paske selon li, tout lari ak tout espas piblik yo pa ka kontinye tounen mache si vil la vle amelyore aparans li ak sikilasyon sitwayen yo.

Share:

Leave a reply