Kazèk 8èm seksyon kominal Jeremi an, Dejean Gabriel denonse traktasyonkap fèt pou detounen pwojè konstriksyon konplèx administratif lan.

Jeremi, Fon wouj Dayè, Ayiti____ (TRiboLAND) Dejean Gabriel, Kazèk 8èm seksyon kominal Jeremi an, denonse responsab PLB a, enjenyè Woudly Joseph, kap fè traktasyon ak raketè a kostim nan Ministè Enteryè ak Kolektivite Tèritoryal, pou ta fè wout kochi ak lajan ministè yo dispoze pou konstriksyon yon konplex administratif nan lokalite Fon Wouj Dayè, nan Jeremi.
Konplèx sila dwe genyen ladan l, yon espas pou loje yon bon valè moun lè genyen katastwòf natirèl, yon biwo pou konsèy administrasyon kominal lan, yon biwo ONI, yon anèsk tribinal depè, e yon sou-komisarya pou loje polisye nan seksyon an.
Daprè Kòdonatè Kazèk 8èm seksyon an, Dejean Gabriel, enjenyè Woudly Joseph ki fè pati kad teknik delegasyon depatmantal Grandans lan, ta sòti pou fè zonn lan pèdi pwojè a, akoz pwoblèm li genyen pou jwenn kob pal, nan set pwen twa milyon goud lan. Nan sans sa, Kòdonatè Kazèk 8èm seksyon an, Dejean Gabriel mande minis Enteryè ak Kolektivite Tèritoryal yo, Paul Antoine Bien – Aimé pou ankete sou koman pwojè ap vanse, paske deja genyen baz kay la ki ekziste, men travay yo kanpe nan wout.






