Gro boukan dife barikad nan kad protestasyon kont rakèt ak ratman gaz nan ponp yo

1,583

08-27-2022

Delma, Ayiti______(TRiboLAND) Nan mitan jounen samdi 27 dawou 2022, komin Delma konnen plizyè boukan dife barikad nan nan kad protestasyon kont ratman ak rakèt gaz anndan peyi a.

Yo te plizyè sou Delma 5 jiska Delma 28; tankou chofè moto taksi, yo tout tap degaje froustrasyon yo akoz mannigèt otorite ensansib ap kreye pou fè fòtin ak gaz la, nan pa kite li vide nan ponp esans yo ankò.

Pou yon latriye chofè protestatè, rakèt gaz la se yon seri kriminèl siwo-libanè loray kale ki mare sosis yo ak otorite PHTK malad mantal ki pa genyen oken lòt motif ki se disparèt peyi a, daprè kèk chofè taksi ki tap salanbe responsab vwayou yo.

Li pa fasil pou jwen ponp kap vann gaz ankò, sepandan, liyn machi kap kotwaye ponp yo tèlman long, gen chofè ki konn kite machin yo dòmi nan liyn nan. “Me nan ki lòbèy swadizan dirijan medyòk e kriminèl lage yon peyi nan pa ka menm jere ou prokire pèp li ti gout gaz”, deklarasyon Dasoyon chofe kamyonet

Comments are closed.