PNH : Yon operasyon tranble nan Tomazo okazyone lanmò 2 moun ak arestasyon Manbo “Lanmò 100 Jou”.

1,338

08-16-2022

Tomazo, Ayiti____(TRiboLAND) Jodi madi 16 dawou a, lapolis nasyonal Dayiti efektye yon operasyon tranble janm nan Tomazo; desann dèlye sa arive fèt an fonksyon de yon seri alèt zatrap ki te deklentche aprè group gang ame 400 Mawozo, ki genyen nan tèt li “Lanmò 100 Jou” te fè aparisyon l nan Tomazo ki se tè natal li.

Antouka, operasyon tranble janm lapolis la, yon moun arive mouri nan yon lokalite ki rele Twou Kayiman e yon lòt nan zònn plas Sen Ann nan komin Tomazo.

Enfòmasyon yo fè egalman eta de yon evantyèl arestasyon Ti Poune, mètrès ou manbo “Lanmò 100 Jou”, ta sanble distribye yon pakèt tefònn bay yon seri jèn nan komin nan ki pou sèvi li antènn kont lapolis.

Comments are closed.