KPT genyen malmakak kredibilite : l’ap trese lèl e abiye an patriyòt pou enpoze yon fòmil prezan-absan nan tèt peyi Dayiti

288
0
Share:
TRiboLAND

01/24/2026

Kite yon parèy KPT odasye akouche yon nouvèl prezidans, se bay chat veye bè. Se lave men swiye atè avèk yon seri echwe ki vle mete baliz ki pou anpeche lajistis pouswiv yo. KPT a, pa kapab genyen yon parèy pouvwa desizyon, nan kad plase yon seri politichyen tradisyonèl ou ensinifyan pou trennen peyia nan plis falèz ak salte plis ke jan 9 enpostè arive fèl la.

Se repinyan e revòltan, pou yon seri 9 enègimèn kòwonpi, moun ki koze plis domaj nan tèt peyia, nan pyafe nan kòripsyon tout kalite, akwentans gang, zak kriminèl tout kalite, genyen odas pou fè tèt yo pase kòm moun kap chèche solisyon pou ayisyen e avèk ayisyen, aprè plis pase yon ane gagotaj ak derivleadership ak enkonpetans. KPT a, anpann kredibilite! Yo dwe rekonèt ke se depozitè blan ke yo ye; e yo te jwen benediksyon “Mèt” yo, atravè KARIKOM pou franchi nan pouvwa a an makòn. Konsa, pèfòmans yo ak tout krim ou kòripsyon nan tèt peyia, pa bay yo dwe reklame souverènte peyi Dayiti, ni genyen pouvwa pou fè manèv pou mete lòt vanpi idyo nan plas yo, kòm kwa pou devni “prezan absan” ki kontinye ap fè manèv dilatwa ak moratwa pou letènite.

Kesyon, solisyon “à la haitienne” ou “souveraineté” peyia, pa sipoze soti nan bouch oken manm kòwonpi KPT, ki te deja asèpte rive an makòn kòm depozitè blan an, nan tèt prezidans peyia. “Blan an pa kapab depoze’w nan yon jdòb pou yon travay byen detèmine; enkonpetans ak rizib ou imoralite pèmèt tout bagay echwe e menm tonbe pi mal ke jan li te ye avan. An tèm konsekans lojik, ou pa kapab deside avèk odas, pou mete ou plase ranplasan ou. Blan ki te depoze’w la, pa si sòt ke sa; ou pa kapab genyen pouvwa desizyon, lè ke ou pa dote ase konpetans ak moralite”.

Anplis, li enkonsevab pou kite yon ekip moun ki ta sanble tap pyafe nan gwo zak kòripsyon ak enpidisite ap manniganse avèk yon seri pati politik ak sosyete sivil tradisyonèl kòwonpi, pou kontinye avèk sistèm sansal la kap rine nasyon ayisyèn nan.

Aprè plis pase yon latriye deseni, se toujou yon ti klik kòwonpi politichyen ki makonnen avèk yon klik richyen sangwen, ki pa fè lòt bagay sinon ke repwodwi tèt yo etènèlman pandan chak opòtinite. Se chat ki sipòte chat; se kòwonpi ki sipòte kòwonpi, nan objektif pou pa genyen pouswit legal kont kòripsyon. Depi yon bout tan, se lòbèy kap sipòte ou ranplase lòbèy; rezilta a pa lòt bagay ke “Lòbèy rete avi nan tèt peyia”!

Li klè e nèt, moun ki toujou nan tèt peyia, fè pati sistèm ki bezwen elimine a. Majorite nan yo sòti nan kò mafya sanvègòyn apatrid ki konpoze: pwezidan, pwemye minis, minis, jounalis, sekretè deta, senatè, depite, boujwazi ou politisyen tradisyonèl kap fè manifestasyon “grèv ou peyi lock”, pou souse ou rache yon moso pen atravè yon bwàt leta. Kalite mechan sila yo, fè pati sistèm nan ki pa sispann efondre ou disparèt peyia.
Pi gro sèvis entènasyonal la ta dwe rann peyi Dayiti, se enskri kò mafya kwonik sila nan program Bukelé a!

Jimmy Elinor

Share:

Leave a reply