Youri Latortue deklare ke li jwen benediksyon pwesidan tranzisyon an, Me Mécéne Jean-Louis pou l rankontre ak Komisyon OEA a.

540

06/07/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) “Akò 5 Jwen 2021 an ki soti nan zantray 6 pati ak regwoupman politik weekend pase a, te diskite ak ekip Me Mécène Jean-Louis ki toujou pwezidan dezinye pou tranzisyon an. Se yon akò ki pwopoze fòmasyon yon gouvènman dantant nasyonal pou sove nasyon ayisyèn nan”, dapwè deklarasyon ansyen senatè Latibonit lan, Youri Latortue, ki se kòwodonatè jeneral Pati “Ayiti An Avan” (AAA), jodi lendi 7 jwen 2021 an.

Youri konfime ke li pare pou rankontre ak emisè OEA yo yon fason pou fè yo konnen pozisyon nou klè kon klewòz. Li ajoute, “pa genyen kesyon mete tèt avèk Jovenel Moise, li swete wè ke pwochen pwemye minis lan soti nan sosyete sivil la yon fason pou pa genyen twòp enfluyans nan pwochèn eleksyon yo avèk yon Konsèy Elektoral san fòs kote.

Anpil kritik rete kwè ke, se riske pou delege yon parèy wòl nan men ansyen senatè Youri Latortue, paske genyen yon seri antesedan ki montre ke senatè bay yon pakèt “so chat” politik ki fè trè souvan li parèt kòm trèt. Yo estime ke Mesye Latortue se yon karaktè ki “klopi klopan”. Nap raple, ansyen senatè Latibonit lan te fè pati gwoup moun ki te konseye pwezidans Michel Martelly ak Jovenel Moise.

Comments are closed.