Lajistis ayisyèn kontribye nan ensekirite jeneralize ki genyen andan peyi a.

1,095

04-24-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Lajistis ayisyèn kontribye nan ensekirite jeneralize ki genyen anndan peyi a, se deklarasyon avoka militan nan bawo jiridiksyon Tigwav la, Flarissaint Ernest nan kad yon entèvyou li akòde ak laprès dimanch 23 avril 2023 a.

Mèt Flarissaint Ernest

Pou mèt Flarissaint Ernest, depi lajistis disfonksyonèl, se prèv ki montre bandi ak zam nan men yo kapab fè sa yo vle, kote yo vle, lè yo pipito nan mitan popilasyon an tankou : kidnape moun, vyòl ak vòl mete sou sa, chak fwa lapolis arete yon bandi sèten otorite nan sistèm nan pran gwo sòm lajan epi libere yo, aprè yo retounen vin simen latwoublay nan peyi a.

Selon Mèt Flarissaint, popilasyon an pa kapab sipòte ankò, grangou mizè tout kalite ap fini avèk yo, tout lekòl preske fin fèmen nan kapital la, anyen pap fonksyone akòz poliferasyon gang kap teworize sosyete ayisyèn nan.

Toutfwa, avoka militan an, Flarissaint Ernest mande gouvènman defakto Ariel Henry a, rezoud prese-prese fenomèn ensekirite a ki tounen yon lanfè pou pèp ayisyen an.

Comments are closed.