Kontestasyon kont sèvis abolotcho Natcom ak Digicel nan Nòdwès

447

Pòdpè____(TRiboLAND) Dapwè sa ke moun kapab li sou Trip Foumi Enfo jodi dimanch 21 jwen 2020 an, Klender Vixamar ansanm avèk Kòkoday li Kolsky Deris Trompé, ki se 2 Alatèt òganizasyon: Ijans Revolusyon Ayisyènn ak Koz Nòdwès manche yo pou yo lanse yon petisyon kont move kalite sèvis chanpwèl 2 konpayi telefònn Natcom ak Digicel ap delivwe atravè peyi a patikilyèman nan Nòdwès. Anplis yo lonje dwat jouda tou sou CONATEL, enstitisyon etatik ki ta sanble pa andose responsablite li fas a deriv ak sèvis abolotcho konpayi sa yo ap remèt sou tèritwa nasyonal la.

Me ki pwoblèm kliyan Natcom ak Digicel yo ap konfwonte nan depatman Nòdwès:

  1. Dekoneksyon san rete ak son enpèseptib
  2. Dekadans egzajere inite
  3. Dekalaj done pweliminè yo

Yo mande pou responsab yo pwese pwese  pou yo adrese pwoblèm sa yo nan depatman Nòdwès la. Konsa, 2 òganizasyon sa yo ki se “Ijans Revolusyon Ayisyènn” ak “Koz Nòdwès” kap ede Nòdwès pare kou, konte pase yon lòt vitès si annafè yo pa fè yon jan!

Comments are closed.