Ensandi Otèl Oloffson: Premye Minis Fils-Aimé kontinye ap pale kredi nan kontinye fè promès zewo tolerans kont bandi zanmi li yo

Pòtopwens, Ayiti_____(TRibkoLAND) Nan yon kominike odasye, Premey Minis Alix Didier Fils-Aimé tante pou yon lòt fwa ankò rablabla, lè li chwazi denonse zak kriminèl ki fèt sou Otèl Oloffson nan Petyonvil, ke anpil moun konsidere kòm yon patrimwàn touristik, yon bijou achitekti, yon senbòl ikonik ki disparèt anba flanm dife teworis.
Fas ak yon zak ensandi parèy, Premey Minis Fils-Aimé ki genyen bonjan ramifikasyon ak bandi teworis yo, entèvni avèk anpil odas, e estime pou yon nyèm fwa ke se yon zak ki pat rete san pini; yon radòt anplis ke anpil moun pa pran oserye, pwiske yo tande e menm deja viv yon parèy epizòd ki tounen yon chanson nan zorèy yo. Angro, pou anpil sitwayen, se yon veritab koze kredi pa kote PM nan, ki chak jou ki jou kontinye ap blazew an pawòl ak aksyon.
Sepandan, gen lòt kritik ki estime, pa kapab genyen solisyon avèk yon dirijan kap domi leve ak gang, manje ak gang, diskite ak gang e menm itilize dwonn kamikaz pou proteje gang. Kidonk, li pa kapab genyen solisyon an nan men li, pandan ke yon parèy maladwa ou malfektè ap bay teworis tete.
Nap raple, nan yon kontèks kriz jeneralize ak malmakak gouvènans, Primati fè anpil efò pou valorize enkonpetans li san anbarasman. Li egalman chanpyon nan radote atravè yon seri pwomès krizokal ou anfantiyaj ki bay repinyans. Ke PM Fils-Aimé likidè teritwa, okipe li depreferans sou kouvèti protektora ke l’ap bay teworis yo, olye l’ap kontinye anbarase nasyon an avèk yon milye fo promès san koutcha e entèvansyon rat kay kap manje kay pay.






