Somè BRICS la ouvwi jodia nan Jwanèzbou nan peyi Afridisid

929

08-22-2023

Somè BRICS la ap louvwi jodi madi 22 dawout 2023 a, nan Jwanèzbou, peyi Arikdisid. Se pwal 15èm edisyon yon parèy sòlòkòtò entènasyonal ki fòme yon blòk ki alinye peyi tankou: Brezil, Larisi, End. Lachin ak Afrik Solèy Kouche.

Somè sila ki chita sou yon tèm: “Les BRICS et L’Afrique”, ap genyen pou fasilite prezans plis pase yon trantèn dirijan afriken e entèvansyon Vladimir Poutine atravè vizyonkonferans.

Sa ki enteresan nan yon parèy somè; se nan fòma sila a ke dirijan BRICS yo pral etidye kandidati plis pase 23 peyi ki pa ka tann pou yo rejwenn yon parèy blòk. Peyi tankou: Mawòk, Ejip, Etyopi, Aljeri, Nijerya e Senegal ki nan Kontinan afwiken an, deja ap chofe jarèt pou adere nan BRICS.

Comments are closed.