SenLwi Dinò: Endividi yo pa rive idantifye kidnape yon djaspora nan zòn Zabriko

379
0
Share:
TRiboLAND

Senlwi Dinò, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan aswè jedi 28 dawout 2025 lan, yon gwoup bandi ame ki poko rive idantifye fè yon nouvo viktim nan depatman Nòdwès la. Daprè enfòmasyon ki soti nan plizyè sous nan komin Senlwi Dinò, se nan lokalite Zabriko, ki nan 4è seksyon komin nan, bandi yo ta pran yon sitwayen nan men fanmi li.

Viktim nan, ki rele Dirogène, se yon Ayisyen kap viv aletranje epi ki te rantre nan peyi a pou pase kèk tan ak fanmi li. Se nan moman vizit sa a bandi yo ta rive kidnape li.

Jiska prezan, ni fanmi viktim nan ni otorite lokal yo poko resevwa okenn apèl ni okenn siy ki soti bò kote ravisè yo. Sitiyasyon sa mete fanmi Dirogène nan, nan gwo enkyetid pandan komin nan ap viv anba yon klima tansyon mare konpwès.

Otorite lokal yo poko fè okenn deklarasyon ofisyèl sou ka a, tandiske popilasyon an ap mande plis sekirite nan komin Senlwi Dinò, kote zak vyolans yo ta sanble ap reprann jarèt.

Share:

Leave a reply