Siméon Petit Frère : Yon Egzanp Kouraj ak Detèminasyon nan Edikasyon

Pwent Arakèt, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan komin Pwent Arakèt, Siméon Petit Frère, yon pèsonaj 47 lane, make istwa pa li nan egzamen ofisyèl 9è Ane Fondamantal yo pou ane 2025 lan. Aprè plis pase 25 lane ap viv nan Repiblik Dominikèn, li te fòse retounen Ayiti anba presyon depòtasyon gouvènman Luis Abinader a. Malgre tout difikilte li te rankontre, li pran desizyon mete tèt li nan lekòl e patisipe nan egzamen an pou premye fwa, yon jès ki atire atansyon ak respè anpil moun nan komin nan Pwent Arakèt.
Nan mikwo jounal Lambi Info, Siméon te mete aksan sou lafwa li nan edikasyon ak devlopman pèsonèl. Li deklare ke laj pa ta dwe yon limit pou yon moun pouswiv objektif li. Daprè li, sa ki pi enpòtan se kapasite ak volonte moun nan dwe genyen pou-l aprann ak avanse. Deklarasyon li a pote yon mesaj espwa ak lòt granmoun ki panse li twò ta pou retounen sou ban lekòl.
Siméon pa sèlman patisipe nan egzamen 9èm AF yo, men li sèvi kòm yon modèl pou jenerasyon jèn ak granmoun. Li lanse yon apèl bay tout moun ki kapab, pou yo pa lage rèv yo, men pito kontinye batay pou avni yo. Istwa li se yon leson sou kouraj, detèminasyon, ak kapasite yon moun genyen pou reyalize objektif li kèlkeswa obstak yo.






