Vyòl sou yon tifi 14 lane nan depatman Nip: Lapolis mare kon krab sispèk la

415
0
Share:
TRiboLAND

Nip, Ayiti ______(TRiboLAND) Lapolis nan depatman Nip pey a, mare kon krab Georges Jocelyn pou vyòl sou yon minè 14 lane, jounen vandredi 27 jen 2025 lan. Yon zak ki soulve gwo endiyasyon ak kòlè nan kominote a.

Daprè enfòmasyon SDPJ mete deyò, zak sa a te komèt sou yon tifi ki poko gen laj legal pou konsantman jwèt sisinaj. Pi rèd toujou, rezilta ankèt la fè konnen viktim nan ansent de mwa, sa ki konfime gravite agresyon an.

Polis la arete sispèk la, gras ak bon jan travay entèlijans ak kolaborasyon sere sere ant SDPJ ak lòt inite nan depatman an. Yo mete men sou li nan kad yon operasyon kote yo tap mennen ankèt sou ka vyòl ak abi seksyèl nan zòn nan. Jocelyn Georges pou kounye trouve-l nan gadavi, pandan otorite jidisyè yo ap pouswiv pwosedi legal yo kont li.

Otorite polisye yo lanse apèl bay popilasyon an pou kontinye kolabore ak lapolis, denonse zak vyòl ak agresyon seksyèl, epi pa janm pè pote plent, menm si se fanmi oubyen moun yo konnen. Viktim yo dwe jwenn jistis, e moun k ap komèt zak sa yo dwe reponn devan lalwa.

Share:

Leave a reply