Ansyen Senatè Zokiki ak Lucmane Delile debake devan Lakou Dapèl, pou mande yon Jij pou pran tèt peyia

Pòtoprens, Ayiti ______(TRiboLAND) Ansyen Senatè Jean Renel Cenatus anpil moun konnen sou non Zokiki, avoka ak ansyen Minis Jistis Lucmane Delile debake jodi madi 24 jen 2025 lan devan Lakou Dapèl ak yon foul moun akonpaye yon bann rara pou lanse yon gwo apèl bay CSPJ (Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè).
Gwoup la ki tap grosi, mande pou CSPJ chwazi yon jij nan Lakou Kasasyon avan 12 dawout 2025, dat yo fikse kòm delè pou lanse yon gwo mobilizasyon pou kapote CPT sangwen an (Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon) ansanm ak tout gouvènman sansal la.
Moun sa yo deklare yo bouke ak enstabilite, inaksyon ou inyorans pouvwa tranzisyon an, epi yo swete wè pouvwa jidisyè a mete tèt li sou zepòl li, pou peyi a ka pran yon lòt direksyon.
Divès moun nan sosyete sivil la, apiye yon parèy mouvman ki te deja ap pwone se nan Kasasyon pou chwazi yon Jij, yon fason pou peyia ka vin pi pwòch konstitisyon an. Anpil moun ki tap voye anpil gro pawòl piman bouk pat manke savonnen politichyen voryen sila yo kap naje ragagan nan kòripsyon, enkonpetans ak konplisite gang.






