Yon nouvo responsab nan tèt POLIFWONT Nòdès la

1,021

12 – 26 – 2023

Nan objektif pou bay sekirite fwontalyè a jarèt, direksyon jeneral PNH la, ki genyen nan tèt li Frantz Elbé, nome ofisyèlman Komisè Pwensipal Anténor Léonard kòm responsab Polis Fwontalyè Tèrès la (Repiblik Dayiti ak Repiblik Dominikèn) pou rejyon Nòdès la.

Nan moman seremoni enstalasyon an, nouvo responsab rejyonal la, te akonpanye Direktè depatmantal Nòdès la, CD Marc André Cadostin ak Komisè Pwensipal Sylvain T. Eddit. Pandan alokisyon li, CP Anténor Léonard fè konnen angajman li pou li retabli konfyans ak sere kole. Li ankouraje polisye yo pou yo respekte règ jwèt la ki plis chita sou pwensip fondamantal enstitisyon polisyè a.

Anténor Léonard, ranplase CP Alexis Saurel ki afekte nan Katye Jeneral POLIFWONT lan, daprè Kòdinasyon Près ak Relasyon Piblik PNH la.

Comments are closed.