Otorite pwoteksyon sivil yo nan Grandans, louvri sezon siklòn pou ane 2025 lan, sou tèm pwoteje lavi fanmiy ak kominote nou

337
0
Share:
TRiboLAND

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Pou anonse sezon siklòn lan nan Grandans sou tèm “pwoteje lavi, fanmi ak kominote nou” delege depatmantal Grandans lan Paulemont Michel, ki te akonpaye direktris pwoteksyon sivil Grandans lan, madam Christine Monquele chèf sèvis piblik yo, majistra komin Jeremi an, Sylmatha Pierre Jeremi an, lanse peryòt siklonik lan pou ane 2025.

Nan moman yo, moun te kapab sinyale prezans diferan kouch nan sosyete sivil lan, reprezantan òganizasyon non gouvènmantal yo, kap travay nan domèn imanitè.

Direktris pwoteksyon sivil lan, madam Christine Monquele, te mete aksan sou mezi prevansyon manm kominote a dwe aplike, avan e pandan, ak aprè an ka katastwòf natirèl, pandan ke li mande pou tout aktè nan sosyete a, jwe wòl pa yo kòm sa dwa yon fason pou limite dega yo sou kèlkeswa fòm lan.

Share:

Leave a reply