Grandans : Militan Fanmiy Lavalas yo pwofite vizite minis travo piblik lan, pou fèmen pòt biwo TPTC a nan lokalite Chato

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan Jeremi, militan Fanmi Lavalas yo, ki pa danse kole ak aksyon direktè depatmantal travo piblik Grandans lan, enjenyè Kesnel Paris, pwofite prezans minis lan Raphaël Hosty, pou fèmen pôt direksyon depatmantal travo piblik Grandans lan.
Daprè militan yo, direktè depatmantal lan pa anntann kolabore ak manm fanmiy lan nan Grandans; yon group moun ki bal pouvwa. Okontrè, direktè Paris ki ta sanble genyen memwà kout, ta fasilite tout krèm privilèj Paris yo bay manm PHTK ki fè pati biwo a.
Konsa, yo ale pi lwen pou mande, ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide, pou egzije minis travo piblik lan revoke sandelè, direktè depatmantal TPTC, enjenyè Kesnel Paris ki nan kase pari ak bwàt depatmantal la. Malgre apwesyasyon manm popilasyon an genyen pou direktè a kap byen depoze nan fonksyon li, pandan sèlman senk mwa anviwon nan tèt direksyon depatmantal travo piblik Grandans lan.






