CPADH- kise Sant Pwomosyon ak Aprantisaj Dwa moun an Ayiti, fete premye ane egzistans yo nan Jeremi

564
0
Share:
TRiboLAND

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Pou make premye ane egzistans li, Sant Pwomosyon ak Aprantisaj Dwa moun an Ayiti (CPADH), òganize jounen samedi 10 me 2025 la, divès aktivite pou make jounen an ak patisipasyon diferan kouch nan sosyete grandanlèz lan.

Pami tematik ki te debat nan bwase lide yo, enterè yo te plis konvèje : sou fason jenès ayisyèn nan itilize entènet lan. Anpil moun estime ke yon parèy itilizasyon pa pote anyen ditou kòm avantaj ak chanjman nan sosyete a. Daprè jij Dorilace Getro, nan peyi Dayiti, jèn yo plis kòmèt krim sibènetik pou destabilize ak sal repitasyon yonn lòt.

CPADH, atravè kòdonatris depatmantal lan, mèt Nedeline Dinvil, plede pou ta genyen fòmasyon ki kontinye fèt, nan bay sosyete a, an pati jèn yo yon nouvèl oryantasyon nan kad evolisyon ak itilizasyon teknoloji a kap vale teren atravè mond lan. Li swete wè peyi Dayiti klone konpòtman otorite Lachinn yo fas ak evolisyon teknolojik nan sosyete ras jonn nan.

Share:

Leave a reply