Yon fiziyad nan komin Delma : Junior Bonheur, ansyen majistra konte pami viktim yo

282
0
Share:
TRiboLAND

Delma, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan lanwit vandredi swa 09 me pou rive maten samdi 10 me 2025 lan, yon gro fiziyad eklate nan yon Club Gecko Lounge nan zòn Granbwà nan Delma 75. Plizyè moun ta jwen lanmò yo, pami yo, ou jwenn ansyen majistra ou ansyen manm Komite Nasyonal Dezameman ak Demantèlman e Ensèsyon an, Junior Bonheur.

Selon enfo yo, ansyen majistra a mouri ansanm ak tout sekirite li, aprè yon gro katchouboumbe te eklate ant plizyè polisye ki te sou plas. Konsa, deblozaj yo pat pran tan pou yo te anvlime, e ki te kreye yon panik jeneralize nan espas divèstisman an.

Temwen okilè deklare ke yo te tande yon latriye detonasyon ki tap chante pandan yon bon bout tan lanjelis la; yon seri kout zam ki te anpeche yo dòmi. Nap raple, Club Gecko Lounge, se yon espas ki toujou chaje ak kliyan nan lè endiyn sa yo.

Share:

Leave a reply